Bible Study: FrontPage




 

2 Tesalonik, Chapter 1

Bible Study - 2 Tesalonik 1 - Creole - Haitian Creole Bible (Ebex) - Web
 
 
 
Comment!       Comment Disqus!
  
1. Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an.
  
2. Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, ban nou benediksyon ak kè poze.
  
3. Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo. Wi, se yon devwa pou m' fè l' vre. Paske, konfyans nou gen nan Bondye ap grandi anpil, renmen nou gen yonn pou lòt ap grandi toujou tou.
  
4. Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.
  
5. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.
  
6. Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.
  
7. Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.
  
8. La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an.
  
9. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.
  
10. Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.
  
11. Se poutèt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l' ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l' pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n'ap fè ak konfyans nan Bondye.
  
12. Konsa, tout moun va fè lwanj non Jezi a poutèt nou. Nou menm tou, y'a fè lwanj nou poutèt li, gremesi favè Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Seyè a, fè nou.


Search in:
Terms:

Vote and Comment on Facebook:Recommend This Page:
Post on Facebook Add to your del.icio.us Digg this story StumbleUpon Twitter Google Plus Post on Tumblr Add to Reddit Pin this story Linkedin Google Bookmark Blogger
Insert Your Personal Insight:

Please do not make mean comments and follow the biblical and spiritual character of this forum. If, however unpleasant situations arise, we request to flag it to us in order to evaluate the situation.

Text source: CRL - The Haitian Creole Bible, Ebex (ecole Biblique Par Extension) Bib La Tankou Online Bible Teks Pa Sosyete Bib Ayisyen Nan Travay Pa Mark Emerson (pou Ebex) ak Raymond Hamilton (pou Biblesoft) ak Larry Pierce (pou Online Bible).

This project is based on delivering free-of-charge the Word of the Lord in all the world by using electronic means. If you want to contact us, you can do this by writing to the following e-mail: bible-study.xyz@hotmail.com


SELECT VERSION

COMPARE WITH OTHER BIBLES