Bible Study: FrontPage




 

Oze, Chapter 1

Bible Study - Oze 1 - Creole - Haitian Creole Bible (Ebex) - Web
 
 
 
Comment!       Comment Disqus!
  
1. Men mesaj Seyè a te bay Oze, pitit Beeri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.
  
2. Premye fwa Seyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Leve non! Al marye ak yon fanm jennès nan san ki pral twonpe ou. Kanta pou pitit w'ap gen avè l' yo, y'ap gen menm san jennès la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avè m'.
  
3. Se konsa, Oze leve, li al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, li fè yon pitit gason.
  
4. Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la pou krim Jeou, zansèt li a, te fè lavil Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo.
  
5. Jou sa a, m'ap kraze tout zam pèp Izrayèl yo nan Fon Jizreyèl la.
  
6. Gomè vin ansent ankò. Li fè yon pitit fi. Lè sa a, Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Lowouchama, paske m'ap san pitye pou moun Izrayèl yo ankò. p'ap gen padon pou yo.
  
7. Men, m'ap gen pitye pou moun peyi Jida yo. Mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, m'ap delivre yo. Men, mwen p'ap fè l' ni avèk flèch, ni avèk nepe, ni nan goumen, ni avèk chwal ak kavalye.
  
8. Apre Gomè fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò. Li fè yon pitit gason.
  
9. Lè sa a, Seyè a di Oze: -W'ap rele l' Lorami, paske moun peyi Izrayèl yo pa moun pa m' ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.
  
10. Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p'ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si koulye a Bondye ap di: Nou pa moun pa m' ankò, yon jou l'a di yo: Nou se pitit Bondye vivan an.
  
11. Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl va mete tèt yo ansanm ankò. Y'a chwazi yon sèl chèf pou mache alatèt yo. Y'a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral yon gwo jou.


Search in:
Terms:

Vote and Comment on Facebook:Recommend This Page:
Post on Facebook Add to your del.icio.us Digg this story StumbleUpon Twitter Google Plus Post on Tumblr Add to Reddit Pin this story Linkedin Google Bookmark Blogger
Insert Your Personal Insight:

Please do not make mean comments and follow the biblical and spiritual character of this forum. If, however unpleasant situations arise, we request to flag it to us in order to evaluate the situation.

Text source: CRL - The Haitian Creole Bible, Ebex (ecole Biblique Par Extension) Bib La Tankou Online Bible Teks Pa Sosyete Bib Ayisyen Nan Travay Pa Mark Emerson (pou Ebex) ak Raymond Hamilton (pou Biblesoft) ak Larry Pierce (pou Online Bible).

This project is based on delivering free-of-charge the Word of the Lord in all the world by using electronic means. If you want to contact us, you can do this by writing to the following e-mail: bible-study.xyz@hotmail.com


SELECT VERSION

COMPARE WITH OTHER BIBLES