Bible Study: FrontPage




 

Jonas, Chapter 1

Bible Study - Jonas 1 - Creole - Haitian Creole Bible (Ebex) - Web
 
 
 
Comment!       Comment Disqus!
  
1. Yon jou, Seyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a,
  
2. li di l' konsa: -Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen.
  
3. Men lè sa a, Jonas leve, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare pou pati pou Tasis. Li peye pasaj li. Li moute abò batiman an avèk marin yo. Li pati pou Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a.
  
4. Men, Seyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule.
  
5. Marin yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l' te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l'. Dòmi pote l' ale.
  
6. Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri.
  
7. Apre sa, marin yo yon di lòt: -Ann tire osò pou n' konnen ki moun ki lakòz sa rive nou. Yo tire osò, epi se non Jonas ki soti.
  
8. Epi yo di l': -Di nou sa ki lakòz malè sa a rive nou. Sa w'ap fè isit la? Kote ou soti? Moun ki peyi ou ye? Ki nanchon ou?
  
9. Jonas reponn yo: -Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Seyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a.
  
10. Jonas pale ak yo, li di yo ki jan li t'ap kouri pou Seyè a. Marin yo te sezi yon sèl sezi. Yo di l' konsa: -Sa ou fè konsa, monchè?
  
11. Lanmè a t'ap vin pi move chak lè. Yo di l': -Sa pou nou fè ak ou pou lanmè a vin kal?
  
12. Jonas reponn yo: -Pran m', lage m' nan lanmè. Lanmè a va kal nèt. Mwen konnen se mwen menm menm ki lakòz nou pran nan van tanpèt sa a.
  
13. Marin yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pa t' kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou.
  
14. Lè yo wè sa, yo rele nan pye Seyè a, yo lapriyè l' konsa: -O Seyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon moun ki inonsan. Paske, se ou menm, Seyè, ki vle l' konsa.
  
15. Epi yo pran Jonas, yo lage l' nan lanmè. Lamenm, kalmi fèt.
  
16. Lè marin yo wè sa, yo te vin pè Seyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l'.
  
17. Seyè a fè yon gwo pwason vin vale Jonas. Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant pwason an.


Search in:
Terms:

Vote and Comment on Facebook:Recommend This Page:
Post on Facebook Add to your del.icio.us Digg this story StumbleUpon Twitter Google Plus Post on Tumblr Add to Reddit Pin this story Linkedin Google Bookmark Blogger
Insert Your Personal Insight:

Please do not make mean comments and follow the biblical and spiritual character of this forum. If, however unpleasant situations arise, we request to flag it to us in order to evaluate the situation.

Text source: CRL - The Haitian Creole Bible, Ebex (ecole Biblique Par Extension) Bib La Tankou Online Bible Teks Pa Sosyete Bib Ayisyen Nan Travay Pa Mark Emerson (pou Ebex) ak Raymond Hamilton (pou Biblesoft) ak Larry Pierce (pou Online Bible).

This project is based on delivering free-of-charge the Word of the Lord in all the world by using electronic means. If you want to contact us, you can do this by writing to the following e-mail: bible-study.xyz@hotmail.com


SELECT VERSION

COMPARE WITH OTHER BIBLES