Bible Study: FrontPage




 

Chante Salomon, Chapter 1

Bible Study - Chante Salomon 1 - Creole - Haitian Creole Bible (Ebex) - Web
 
 
 
Comment!       Comment Disqus!
  
1. Men pi bèl chante nan tout chante Salomon yo.
  
2. Bo m' non, kouvri m' ak bo! Karès ou pi dous pase siwo myèl.
  
3. Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa!
  
4. Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
  
5. Medam lavil Jerizalèm, Po m' boule, men m' bèl! Po m' menm koulè ak tant nan dezè a. Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.
  
6. Pa gade sou koulè po m'! Se solèy la ki boule m' konsa. Frè m' yo te move sou mwen. Yo fè m' travay nan jaden rezen lòt moun. M' pa t' gen tan pou m' okipe jaden rezen pa m'.
  
7. Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.
  
8. Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo.
  
9. Ou menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo.
  
10. Ala bèl figi ou bèl nan mitan très cheve ou yo! Ala bèl kou ou bèl ak kolye ou yo!
  
11. Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l'.
  
12. Mèt mwen te kouche sou kabann li. Sant odè mwen an te gaye toupatou.
  
13. Mennaj mwen tankou yon pake bazilik, ki poze sou tete m'.
  
14. Mennaj mwen tankou yon bouke flè k'ap fleri nan jaden rezen Angedi.
  
15. Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl! Je ou yo ou ta di de ti pijon.
  
16. Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Se pa ti kontan ou fè m' kontan. Zèb yo sèvi nou kabann!
  
17. Branch bwa sèd yo sèvi nou travès kay, branch pye chenn yo sèvi nou twati.


Search in:
Terms:

Vote and Comment on Facebook:Recommend This Page:
Post on Facebook Add to your del.icio.us Digg this story StumbleUpon Twitter Google Plus Post on Tumblr Add to Reddit Pin this story Linkedin Google Bookmark Blogger
Insert Your Personal Insight:

Please do not make mean comments and follow the biblical and spiritual character of this forum. If, however unpleasant situations arise, we request to flag it to us in order to evaluate the situation.

Text source: CRL - The Haitian Creole Bible, Ebex (ecole Biblique Par Extension) Bib La Tankou Online Bible Teks Pa Sosyete Bib Ayisyen Nan Travay Pa Mark Emerson (pou Ebex) ak Raymond Hamilton (pou Biblesoft) ak Larry Pierce (pou Online Bible).

This project is based on delivering free-of-charge the Word of the Lord in all the world by using electronic means. If you want to contact us, you can do this by writing to the following e-mail: bible-study.xyz@hotmail.com


SELECT VERSION

COMPARE WITH OTHER BIBLES